Ayiti Kanpe Min
Ayiti Kanpe Min se rezilta prèske dis (10) ane kolaborasyon ant Global Justice Clinic ki baze nan Fakilte Dwa nan NYU (GJC) ak Kolektif Jistis Min (KJM) ki se yon kowalisyon òganizasyon sosyete sivil ayisyen an ak aktivis kominotè. KJM ak GJC travay pou bay kominote ayisyen yo enfòmasyon sou endistri minyè a, sou dwa jiridik yo genyen, obligasyon konpayi minyè yo epi sou ris eksplwatasyon minyè genyen pou kominote ayisyen yo.
Jiskaprezan, pifò diskisyon ki fèt sou kesyon min te fèt dèyè kat miray. Objektif sit entènèt sa se pou rann enfòmasyon yo pi aksesib epi souliyen opozisyon ak rezistans kominote yo fè an Ayiti jiskaprezan.
“Anviwònman sa se deja anviwònman ki pi vilnerab nan Amerik Latin nan, epi n ap soufri anba tranblemanntè, siklòn ak inondasyon chak ane… Eksplwatasyon minyè se yon katastwòf grav. Li menase sante nou, dlo nou, tè nou ansanm ak rès anviwònman an.”
– Lèt Tou Louvri Òganizasyon Ayisyen ki nan Mòn Pele
Eksplwatasyon minyè an Ayiti
Pou kounya pa genyen okenn eksplwatasyon minyè metalik ki aktif an Ayiti, men aprè tranblemanntè a nan lane 2010, reprezantan gouvènman ayisyen an te idantifye sektè minyè a kòm yon sektè kle pou kwasans ekonomik peyi a. Soti nan lane 2006 pou rive 2013, enfòmasyon yo fè konnen, genyen (2) konpayi kanadyen ak de (2) konpayi ki soti nan peyi Etazini ki te envesti $30 milyon dola pou fè eksplorasyon pou chèche lò, kwiv ak lòt metal. Depi lane 2013, aktivite minyè yo kanpe. Pami rezon ki fè pa gen aktivite minyè, se poutèt opozisyon politik ak kominotè, epitou konpayi yo ap tann yo adopte lwa minyè revize a avan yo kòmanse operasyon yo. Poutan, otorite ayisyen yo ansanm ak aktè entènasyonal yo mete li klè aktivite minyè se yon sektè priyorite.
Dwa Moun
Eksplwatasyon minyè reprezante yon gwo ris pou dwa pèp ayisyen an. Aktivite eksplorasyon konpayi yo gentan lakòz vyolasyon dwa moun. Tout aktivite minyè an Ayiti pral fèt nan yon kontèks kote yo gentan ap vyole dwa moun toupatou, an patikilye prive moun dwa ekonomik ak sosyal yo genyen epi refize bay moun dwa yo genyen pou jwenn enfòmasyon ak patisipe nan zafè politik.
Ris pou anviwònman an
Ayiti se peyi nan emisfè a ki san dout pi degrade sou plan anviwònman. Plizyè syèk eksplwatasyon, dèt ak enkapasite peyi a pou li prepare l epi reponn lè genyen katastwòf natirèl fè Ayiti patikilyèman vilnerab fas ak dega sou plan anviwònman an. Aktivite minyè metal se youn nan aktivite endistryèl ki fè pi plis dega sou anviwònman an. Menm nan peyi Ozetazini kote gouvènman an veye aktivite minyè yo, aktivite minyè bay pi plis materyèl toksik pase nenpòt ki lòt endistri.
Koripsyon ak ris sou plan gouvènans
Koripsyon se yon pwoblèm grav an Ayiti, epi li te pwovoke gwo manifestasyon nan senk (5) dènye lane yo. Nan klasman Transparency International, Ayiti okipe dezyèm plas kòm peyi ki pi kowonpi nan Amerik la. Eka richès ki genyen ant moun ki rich ak moun ki pòv an Ayiti gwo anpil, epi majorite moun ki pòv yo ap batay pou mande gouvènman an pou rann kont. Endistri ekstraktivis yo se youn nan endistri koripsyon plis afekte.
Fo kwayans sou avantaj ekonomik
Eksperyans peyi pòv men ki gen anpil resous natirèl atravè lemonn ba nou yon rapèl byen klè sou transfòmasyon resous natirèl yo pou fè richès piblik se yon biznis ki riske anpil — yon biznis ki souvan echwe. Lè n ap gade kalite vilnerablite Ayiti ap konfwonte, eksplwatasyon minyè ka lage anviwònman ak ekonomi peyi nan twou. Li p ap fasil pou l sòti ladann.
Opozisyon Kominotè
Pandan dènye lane yo, òganizasyon kominote ki gen pèmi eksplwatasyon minyè sou tèt yo an Ayiti ak òganizasyon sosyete sivil alye yo–pami yo genyen gwoup k ap batay pou dwa travayè, dwa anviwonmantal, dwa peyizan ak dwa fanm–mete ansanm pou fè demann sa a: NON AK EKSPLWATSYON MINYÈ AN AYITI. "Dlo gen plis valè pase lò" ak "Wi ak lavi, non ak eksplwatasyon minyè" se pawòl sa yo moun ap fredone.
Mizajou Jiyè 2024: Min Pwopoze sou Fwontyè Repiblik Dominiken
Klinik Jistis Mondyal, Action pour la Reforestation et la Défense de l’Environnement (AREDE), ak Centro Montalvo, yon òganizasyon jesuit nan Dajabon rele atansyon sou yon min pwopoze ansanm ak ris kontamine dlo, ogmante sechrès, ak lòt dega li poze pou kominote afekte yo an Ayiti ansanm ak Repiblik Dominiken. Min nan gen pou li konstwi nan Dajabon, sou fwontyè a. Klinik la, AREDE, ak Centro Montalvo voye bay yon lèt pou direktè konpayi Kanadyen Unigold ki gen pèmi min nan. Pami demann nou se: (1) Unigold rekonèt kominote Ayisyen tankou kominote “afekte” ki gen dwa konsiltasyon; (2) Unigold mete nan men piblik done liy de baz epi li pwomèt l ap bay opotinite pou kominote yo bay dizon yo sou Etid Enpak Anviwònmantal ak Sosyal la; (3) Unigold pataje tout mezi l ap pran pou diminye dega anviwònman pa egzanp kouman l ap diminye ris kontaminasyon syani ak drenaj asid min; ak (4) Unigold rekonèt yon pwosesis konsiltasyon ki djanm gen posibilite yon rezilta kote kominote yo rejte pwojè pwopoze a.
Nou pa konnen ki lè gouvènman Dominiken pral bay pèmi ekswplatasyon nan pou Unigold, ki ta bay yo otorite konstwi min nan. Unigold te di yo te antisipe resevwa pèmi a ane 2023. Pou aprann pi plis, souple gade lèt nou an.
Kontèks sou Ayiti
Se prèske (2) syèk rasis ansanm ak entèvansyon etranje yo ki anjandre pwoblèm politik, sosyal, ekonomik ak anviwonmantal grav Ayiti ap viv yo. Ayiti te pran endepandans li nan lane 1804, se sèl peyi nan mond lan ki te pran endepandans li atravè yon revolisyon ak siksè kote se moun ki te esklav ki te mennen l. Pandan plizyè dizèn ane aprè endepandans li, peyi a te sibi pinisyon diplomatik ak ekonomik anba men Etazini ak peyi Ewòp yo pou odas li te genyen pou li te rejte esklavaj epi yo te pè pou sa pa enspire lòt esklav revòlte.
Pandan 21yèm syèk la, Ayiti te sibi plizyè entèvansyon etranje menm jan ki koze dega epi tou li te konnen katastwòf natirèl epi katastwòf moun pwovoke. Nan lane 2018, pèp ayisyen an te leve an mas jan sa pa t konn fèt avan, pou manifeste pou egzije pou genyen kont ki rann sou koripsyon gouvènman yo fè ak vyolans gang yo, pou respè dwa moun epi pou satisfè bezwen fondamantal yo. Nan kòmansman lane 2021, genyen yon kowalisyon òganizasyon ki nan sosyete sivil la ak pati politik ki pran inisyativ pou kreye ‘Komisyon pou yon solisyon ayisyen nan kriz la’ ("Komisyon"). Komisyon sa kontinye ap chèche yon solisyon tèt ansanm epi pwopoze yon gid pou moun swiv aprè asasina prezidan Jovenel Moïse pou mennen peyi a. Kondisyon politik, sosyal, ak ekonomik yo kontinye ap degrendole an Ayiti: zak zenglendo ak kidnapin ap monte, epi chemen pou peyi a vanse a pa klè.
Kontèks sou Newmont
Depi lane 2006, yon bon valè konpayi eksplwatasyon minyè ki sòti aletranje gen pèmi pou eksplore ak eksplwate. Sa ki pi rekoni a se Newmont, pi gwo konpayi nan estraksyon lò nan mond lan. Ant 2006 ak 2009, gouvènman Ayiti a te bay Newmont – pafwa ak ansyen patnè antrepriz li a, Eurasian Minerals (ki rele kounya EMX Royalty Corp) – 51 pèmi pou l te fè estraksyon lò nan peyi Dayiti. Newmont te reyalize aktivite eksplorasyon an Ayiti nan lane 2014. Newmont te mennen aktivite eksplorasyon an Ayiti jiska lane 2014, lè yo mete pwojè yo sou mòd antretyen ak mentnans.
Newmont se pa sèl konpayi eksplwatasyon minyè ki gen pèmi an Ayiti. Depi lane 2006, konpayi eksplwataston minyè ki soti Kanada, Etazini, Ayiti ak Ostrali genyen pèmi pou estraksyon lò ak lòt mineral an Ayiti. Enfòmasyon piblik fè konnen genyen de (2) konpayi ameriken an plis Newmont ki gen pèmi an Ayiti: ki se Resources Générale Corporation (ki te rele avan “VCS Mining”) ak SONO Global Holdings, Inc. Genyen pou pi piti de (2) konpayi ayisyen ki genyen pèmi: Carribean General Trading (CGT) ak Société Minière du Nord-Est (SOMINE). Konpayi kanadyen ki rele EMX Royalty Corp (ki te rele avan sa “Eurasian Minerals”; EMX) mete fen nan kolaborasyon li genyen ak Newmont, menmsi li toujou yon ti pousantaj sou revni ki jenere yo.