Dezòd klimatik

Ayiti se youn nan senk (5) peyi ki pi ekspoze ak katastwòf anviwonnmantal tankou tranblemanntè, siklòn, sechrès, inondasyon ak glisman tèren. Vilnerablite ekstrèm peyi a se rezilta kriz klimatik mondyal la ak yon long istwa eksplwatasyon minyè etranje. Dezòd klimatik la ogmante frekans ak gravite dezas yo, sa ki genyen konsekans katastwofik sou sante, sekirite ak sekirite alimantè Ayisyen yo. Genyen gwo risk pou eksplwatasyon minyè vin agrave enpak sou dezòd klimatik la plis.

Mòn debwaze nan depatman Nòdwès. Foto: Ellie Happel, 2015.

Debwazman ki genyen Ayiti a grav anpil. Nan kòmansman 19yèm syèk la, Ayisyen te koupe pyebwa ki te genyen plis valè yo epi voye vann yo nan peyi Ewòp yo pou peye "dèt endepandans lan." Gade istwa nan pi plis detay isit. Pandan 20yèm syèk la, nan peryòd okipasyon amerikèn nan yo koupe anpil pyebwa pou ekspòte, sou diktati Duvalier a, li te mache koupe pyebwa paske li te pè pou moun ki leve kont li pa jwenn kote pou yo kache. Jodia, Ayisyen pa genyen aksè pou jwenn gaz nan pri yo ka peye, konsa yo koupe pyevwa pou fè chabon. Debwazman fè moun pa kapab abite sou tè a, epi li kontribye nan katastwòf natirèl tankou glisman tèren ak inondasyon.

Kòt Abriko ki devaste aprè Siklòn Matthew, depatman Grandans. Foto: Jessica Hsu, 2016.

Dezòd klimatik gen relasyon ak gwo siklòn ki te pase epi ki pral kontinye kite konsekans katastwofik. An oktòb 2016, Siklòn Matthew, yon siklòn ki te nan kategori 4, te touye 546 moun. Te genyen 1.4 milyon moun ki te bezwen asistans imanitè selon estimasyon yo.

Inondasyon ravajè ki se rezilta nivo lanmè a ki monte ak gwo van k ap soufle kontinye deplase fanmi yo, detwi enfrastrikti, lakòz ewozyon tè a, epi fè afekte anpil Ayisyen ki konte sou fè jaden pou jwenn mwayen pou yo siviv. Nan mwa janvye 2022, gwo inondasyon te detwi pou pi piti 2 500 kay nan Nò peyi Dayiti tou prè tè ki anba pèmi pou eksplwatasyon minyè. Akòz dezòd klimatik la, yo prevwa pou nivo lanmè nan Karayib la monte sòti 12.8 santimèt pou rive 55 santimèt rive ane 2090. Sa reprezante yon gwo menas pou majorite vil ayisyen yo, tankou rejyon metwopoliten Pòtoprens, ki chita aktyèlman ant zewo (0) ak yon (1) mèt pi wo nivo lanmè a epi se kote plis pase 2.9 milyon Ayisyen ap viv.

Sechrès Detwi Rekòt nan Peyi Endonezi. Foto: D. Mahendra, 2009.

Tanperati k ap ogmante, sechrès ak fenomèn metewolojik k ap vin pi iregilye deregle rekòt peyizan ayisyen yo tou, sa ki vin agrave pwoblèm ensekirite alimantè ki te gentan genyen an. Bank Entè-Ameriken pou Devlopman prevwa pou rive lane 2050, sezon sèk la an Ayiti kapab vin doub fwa pi long epi kantite lapli kapab diminye soti 6 pou rive 17%. Derègleman nan sezon rekòt yo grav anpil sitou an Ayiti, kote genyen plis pase 4 milyon Ayisyen k ap soufri poutèt ensekirite alimantè. Yon sezon sèk ki pi long ak yon sezon lapli moun pa kapab prevwa pral lakòz dega moun pa kapab imajine pou peyizan ayisyen yo epi pou kominote ayisyen yo an jeneral, ki konte anpil sou agrikilti. Yo prevwa rannman mondyal danre yo kapab diminye rive jiska 35% pou rive lane 2100 poutèt enpak dezòd klimatik.

Eksplwatasyon minyè menase pou agrave enpak dezòd klimatik an Ayiti. Eksplwatasyon minyè souvan lakòz debwazman poutèt nesesite pou konstwi wout ak netwaye tèren pou fè eksplorasyon ak ekstraksyon minrè yo. Debwazman souvan lakòz ewozyon tè a, glisman tèren ak inondasyon epi sa poze pwoblèm pou sante ak sekirite Ayisyen yo. Poutèt glisman tèren ak inondasyon yo vin fèt pi souvan oswa yo vin pi grav, sa pral mete plis presyon sou enfrastrikti sanitè ki deja pa sifi an Ayiti. Foraj ak sedimantasyon ki se rezilta eksplwatasyon minyè aktivite kapab deregle jan dlo a koule anba tè ak dlo sou sifas, sa ki kapab pwovoke gwo inondasyon.

Min Pueblo Viejo, Repiblik Dominiken. Foto: Ben Depp, 2013.

Epitou, eksplwatasyon minyè mande anpil tè. Nan Emisfè Oksidantal la, Ayiti se deja peyi ki genyen plis moun k ap viv ladann parapò ak kantite tè ki genyen. Katastwòf anviwonmantal detwi tè agrikòl ansanm ak kominote yo, sa ki redui kantite tè Ayisyen kapab viv sou yo. Tè gen anpil valè an Ayiti epi eksplwatasyon minyè menase pou agrave pwoblèm tè agrikòl ki manke nan peyi a. Lè nou konsidere eta vilnerablite Ayiti poutèt dega anviwonmantal istorik lezòm pwovoke ansanm ak enpak dezòd klimatik, eksplwatasyon minyè reprezante yon ris ki twò enpòtan pou kominote lokal yo pou vanse pou pi devan.

Anviwònman nou an se li ki deja pi vilnerab nan Amerik Latin nan, epi nou soufri poutèt tranblemanntè, siklòn ak inondasyon chak lane…Eksplwatasyon minyè se yon katastwòf potansyèl–li menase sante nou, dlo nou, tè nou ansanm ak rès anviwònman an.

- Lèt Ouvè, ki soti anba kout plim Òganizasyon ayisyèn ki nan Morne Pele

Resous