Koripsyon
Ayiti ap fè fas ak règ ak lwa yo ki fèb epi koripsyon jeneralize, ki mete peyi a nan 170yèm plas sou 180 peyi nan klasman Transparency International sou endis mondyal sou pèsepsyon koripsyon pou lane 2020 an. Se koripsyon ki alimante vyolans, ensekirite ak vid politik ki genyen an Ayiti a. Li enposib pou imajine endistri eksplwatasyon minyè nan kontèks ki gen la nan lane 2022 an. Menm anvan kriz politik, ekonomik ak sosyal ki te genyen sou rejim prezidan Moïse la ansanm ak vid politik ki te vin genyen aprè asasina li a, nivo koripsyon elve an Ayiti a fè li vin pi vilnerab toujou fas ak abi ki genyen nan sektè eksplwatasyon minyè a. Se sekrè ki jere endistri eksplwatasyon minyè a, sa ki, daprè Global Witness, “bay koripsyon an plis rasin epi sipòte rejim kleptokratik yo (gouvènman koripsyon).”
Koripsyon ak Ris Eksplwatasyon Minyè
Yo byen dokimante koripsyon jeneralize, detounman fon oswa vòl epi vyolans nan endistri eksplwatasyon minyè. An Ayiti, konsyans jeneralize kominote a genyen sou koripsyon gouvènman an kontribye nan opozisyon jeneral ki genyen kont eksplwatasyon minyè an Ayiti. Youn nan objektif Akò Montana, ki se yon akò ant sosyete sivil ayisyen an ki mande pou yo fòme yon gouvènman tranzisyon pou peyi a, pou atake pwoblèm koripsyon an epi rann moun ki enplike yo responsab pou aksyon yo poze.
Etid yon Ka sou PetroKaribe
Eskandal PetroKaribe a se yon egzanp koripsyon jeneralize ki genyen an Ayiti kote manm ki pi wo plase nan gouvènman an enplike ladann. Anpil dirijan ki wo plase nan gouvènman an, ki te pase sou twa (3) administrasyon, pami yo rejim Prezidan Moïse ki te sou pouvwa nan lè sa, PHTK (Parti Haitien Tèt Kale), te enplike nan detounen yon montan lajan ki estime a $3.8 milya dola ameriken nan fon PetroKaribe, ki se yon pwogram ki te la pou finanse devlopman sosyal ak ekonomik. Pandan plizyè mwa te genyen gwo manifestasyon nan kòmansman lane 2018 la, kote Ayisyen yo t ap mande “Kot Kòb Petwo Karibe a???” Koudèkont lan te mennen ankèt li epi te revele prèv koripsyon ki terib, pami yo pèman plizyè milyon dola pou pwojè ki pa t janm kòmanse oubyen ki pat janm egziste, gwo iregilarite nan kontra ki te siyen pou pwojè yo pami yo kontra avèk yon moun ki deja mouri, epi gwo dekesman lajan pou dirijan gouvènman an san okenn dokimantasyon sou depans yo.
Plizyè lane pase aprè piblikasyon premye rapò ankèt la nan lane 2018 – pou kounya pa gen okenn vrè aksyon ki poze pou fè moun yo rann kont. Aprè anpil reta epi demisyon premye jij ki t ap dirije ankèt la ki genlè te sibi presyon politik anba men administrasyon Moise la, yo te kanpe ankèt la nan mwa jen 2021, sa ki te pwovoke manifestasyon ak denonsyasyon. Enplikasyon dirijan ki wo plase nan eskandal PetroKaribe a montre prezans koripsyon an toupatou epi montre gouvènman an pa pran responsablite li pou fè moun yo rann kont. Pa genyen okenn moun ki nan politik ak chèf biznis ki enplike nan dosye sa ki te parèt devan jij pou reponn kesyon pou patisipasyon yo nan koripsyon. Kapasite moun ki rich epi ki pisan yo genyen pou yo aji sou tèt lalwa an Ayiti kontinye ap sèvi kòm motè pou alimante manifestasyon yo, epi depi lò, manifestasyon kont PetroKaribe yo debouche sou yon gwo mouvman kont koripsyon ki gaye nan tout peyi a.
Manifestasyon nan Pòtoprens Kont Koripsyon, 2018. Foto: Rony D'Haiti, CC BY-SA 4.0, atravè Wikimedia Commons.
Lòt egzanp koripsyon an Ayiti kote dirijan ki wo plase nan gouvènman an enplike ladan yo:
Nan novanm 2018, genyen de (2) dirijan nan gouvènman an, ki se Fednel Monchery ak Joseph Pierre Richard Duplan, ki te planifye epi bay materyèl pou reyalize yon masak terib avèk polisye ki rele Jimmy Chérizier. Yo pa fè pati gouvènman an oswa fòs polis la ankò. Te genyen plis pase 70 moun yo te touye nan Lasalin, yon katye nan Pòtoprens ki te fè gwo rezistans ak gouvènman PHTK a. Chérizier pa t rann kont pou aksyon sa yo. Apati lane 2022 a, Chérizier se chèf gang G9, epi etabli l kòm yon kandida pou eleksyon politik.
Nan lane 2019, yo te akize Garcia Delva, trezorye adjwen Sena a, pou konspirasyon li ta fè avèk chèf gang lapolis t ap chèche paske li te kidnape yon vwazen senatè a.
Nan menm ane 2019 la, te genyen prèv ki t ap sikile sou medya sosyal yo ki montre Chanm Depite a te depanse yon montan moun pa ta kapab imajine ki rive nan $2.5 milyon dola pou dlo ak kafe.
Genyen yon senatè ki avwe bay jounalis li te asepte $100.000 anba tab epi li te fè konnen li pa “wè anyen mal si li resevwa lajan nan moman difisil.”
Eta Sistèm Jistis la
Sistèm Jistis ayisyen an pa efikas, li manke resous e li politize. Bay lajan anba tab se yon bagay ki kouran nan tout nivo nan sistèm jistis la, menm jan ak enjerans politik, sa ki kreye yon sistèm doub ki pèmèt moun ki rich ak pisan pou yo souvan fonksyone sou tèt la lwa, pandan majorite moun ki pa gen lajan yo ap viv san okenn pwoteksyon legal.
Pouvwa egzekitif ayisyen an k ap egzèse yon manipilasyon ilegal ki pa chita sou konstitisyon an sou nominasyon jidisyè yo, arestasyon politik manm sistèm jidisyè a, menas ak agresyon sou aktè jidisyè yo menm anba men dirijan nan gouvènman an, anpil pòs ki vid nan sistèm jidisyè a, ansanm ak mank resous kritik vin lakòz pouvwa jidisyè peyi Dayiti ap fonksyone kanbral. Yo te vin bloke oswa fèmèn dosye politik enpòtan yo nèt, tankou ankèt sou eskandal PetroKaribe ak asasina avoka ak kritik politik Monferrier Dorval, sa ki te vin souvle preyokipasyon sou enjerans lan. Jij ak grefye ki t ap mennen ankèt sou asasina Prezidan Moïse yo t ap resevwa menas lanmò ak presyon pou chanje deklarasyon temwen yo. Yo fòse plizyè otorite nan lajistis ki te enplike nan dosye a ale nan mawon pou asire sekirite yo.
Ayisyen ki nan kominote riral yo ap fè fas ak gwo obstak pou jwenn jistis. Jeneralman, se nan gwo vil tribinal premye enstans ak lakou dapèl yo ye. Jij depè ou ka jwenn nan zòn riral yo, sèlman kapab tande dosye ki limite epi yo toujou manke resous, sa ki lakòz tribinal ap fèmen tout kote. Sistèm jistis ayisyen an ki manke pouvwa epi ki politize, pa rive pwoteje dwa Ayisyen yo epi ogmante posiblite pou genyen koripsyon nan sektè eksplwatasyon minyè a.
Abitan zòn nan antre nan tribinal depè, Katye Moren (Quartier Morin), Ayiti. Foto: Ellie Happel, 2017.
“Pwoblèm nan se paske Leta nou an fèb, epi yo kite etranje antre. Yo otorize etranje yo fè sa yo vle. Moun yo pa konn anyen sou eksplwatasyon minyè. Yo pran tout desizyon yo pran nan Pòtoprens.”
– Deklarasyon yon Otorite Kominotè nan ‘Anse-à-Foleur’