Analiz Klinik Jistis Mondyal sou Pwojè Lwa Min yo (2017)
Ayiti poko genyen yon min metalik ki konstwi, men gouvènman pa sispan klewonen sektè min se yon sektè priyorite pou alimante ekonomi peyi a.
Byen Konte, Mal Kalkile? Ris eksplwatasyon lò an Ayiti gen pou dwa moun ak anviwònman an
Il subsiste un manque criant d’information publique sur les implications de l’extraction aurifère, sur les défis qu’elle pose, les occasions qu’elle présente et ce qu’elle implique pour les communautés et pour l’ensemble du pays. Ce rapport se propose donc de combler ces lacunes.
Nòt de laprès GJC: Bank Mondyal refize konsidere plent kominote ayisyen yo sou nouvo lwa sou eksplwatasyon minyè (fevriye 2015)
Semèn pase a, Panèl Enspeksyon Bank Mondyal te refize konsidere yon plent kominote ayisyen yo sou sipò Bank la pou devlopman sektè min an Ayiti.
Desizyon Panèl Enspeksyon sou Plent Kominote an Ayiti yo te depoze a (Fevriye 2015) [KR]
Konfòmeman ak paragraf 17 Rezolisyon ki te mete Panèl Enspeksyon an sou pye, m ap fè nou konnen Panèl Enspeksyon an ("Panèl la") te resevwa yon "Demande d’inspection de l’Assistance technique au dialogue minier en Haïti" (Demann pou Enspeksyon Asistans Teknik Dyalòg sou Eksplwatasyon Minyè an Ayiti) (P144931), ki te jwenn sipò Bank Mondyal la atravè yon fon fidisyè Mekanis Konsiltatif Teknik pou Endistri Ekstraksyon (EI-TAF). N ap enkli Demann pou Enspeksyon an kòm Fichye 1 Memorandòm sa a.
Desizyon Panèl Enspeksyon sou Plent Kominote an Ayiti yo te depoze a (Fevriye 2015) [FR]
Conformément aux dispositions du paragraphe 17 de la Résolution portant création du Panel d’inspection, par le ci-joint avis, je vous informe que, le 7 janvier 2015, le Panel d’inspection (le « Panel ») a reçu une Demande d’inspection de l’Assistance technique au dialogue minier en Haïti (P144931) financée par la Banque mondiale dans le cadre du fonds fiduciaire du Mécanisme de conseil technique à l'appui des industries extractives (EI-TAF). Cette Demande d’inspection fait l’objet de la pièce jointe au présent mémorandum.
Plent kominote ayisyen yo pote devan Panèl Enspeksyon Bank Mondyal la (janvye 2015)
Nou menm òganizasyon sosyete sivil ayisyen, ki gen manm onivo lokal ak nasyonal, ansanm avèk kominote ki te sibi, epi ki kontinye ap sibi, konsekans devlopman ak refòm sektè minyè Ayiti a ("Plenyan yo").