Defi sou plan jiridik ak règlemantasyon
Feblès kad jiridik ak regilatwa an Ayiti ogmante ris pou eksplwatasyon metal vyole dwa sosyal, anviwònmantal ak dwa moun yo. Lwa ayisyen yo pa pwoteje kominote ki pi afekte dirèkteman akòz aktivite minyè yo epi gouvènman an pa genyen ni volonte ni kapasite pou fè lwa yo aplike epi fè sipèvizyon sou travay konpayi yo.
Rejim legal ki Egziste sou Eksplwatasyon minyè
Dekrè minye 1976 la – ki la pou reglemante aktivite minyè yo– pa konsistan, li pa ajou epi li pa rive pwoteje enterè pèp ayisyen an oswa anviwònman an. Dekrè a anpeche gouvènman an pibliye enfòmasyon konpayi yo ba li sou aktivite minyè yo, sa ki anpeche genyen bon jan patisipasyon piblik la. Genyen yon rezime ki pi long sou ensifizans ki genyen nan lwa sa a ki disponib nan Chapit V nan dokiman ki pote non Byen Konte, Mal Kalkile? Ris Eksplwatasyon Minyè an Ayiti genyen sou Dwa Moun ak Anviwònman an (paj 153-158).
Pwojè Lwa ki Pwopoze a
Nan lane 2014, gouvènman ayisyen an te chèche asistans nan men Bank Mondyal ak Fon Monetè Entènasyonal (FMI) pou re-ekri lwa minyè li an. Pwojè Lwa ki pwopoze a te elabore an konsiltasyon avèk konpayi minyè ki genyen pèmi an Ayiti, men san sipò piblik ayisyen an. Pwojè Lwa Minyè a pa pwoteje ni kominote ayisyen ni anviwònman an. Pwojè lwa minyè a genyen tèm ki kenbe anpil enfòmasyon konfidansyèl, epi li manke bon enfòmasyon sou sa etid enpak anviwònmantal ak sosyal ta egzije. Pou pi plis enfòmasyon sou kad jiridik pou eksplwtasyon minyè y ap propoze a, ou met gade analiz sa sou Pwojè Lwa Minyè.
Nan 2015, te genyen plizyè òganizasyon nan sosyete sivil ayisyèn nan ki te depoze plent devan Panèl Enspeksyon ki nan Bank Mondyal, kote yo pote akizasyon sou mank transparans ak patisipasyon piblik la nan pwosesis la epi akòz yo pa rive prevwa bon jan pwoteksyon sosyal ak anviwònmantal nan Pwojè Lwa Minyè a, sa ki vyole pwòp politik Bank Mondyal yo. Kòm repons, Panèl Enspeksyon an te rekonèt preyokipasyon ki genyen konsènan Pwojè Lwa Minyè yo “grav ak lejitim” menmsi li pa t asepte plent lan pou yon fay teknik.
Yo te prezante Pwojè Lwa Minyè a devan Palman nan lane 2017, kote li toujou rete nan tiwa. Depi 2017, Palman ayisyen pa reyini souvan. Nan kòmansman lane 2020 an, Palman an te vin kraze akòz Prezidan Moïse pa t rive òganize eleksyon.
Evalyasyon Enpak Anviwònmantal ak Sosyal (ESIA)
Gouvènman an egzije konpayi yo pou yo soumèt rapò ESIA yo ki idantifye ki enpak anviwònmantal ak sosyal ki posib nan pwojè y ap pwopoze a. ESIA yo esansyèl pou idantifye ris yo byen bonè nan yon pwojè, epi sa ap fasilite patisipasyon kominote a nan desizyon k ap pran nan kesyon eksplwatasyon minyè nan lokalite pa yo. San bon jan evalyasyon sou enpak anviwònmantal ak sosyal (ESIA), gouvènman ayisyen an pa genyen okenn fason pou evalye enpak anviwònmantal ak sosyal negatif yon pwojè minyè genyen, epi konnen si manm kominote a pa jwenn enfòmasyon sou plan konpayi minyè a genyen nan lokalite yo a.
Lwa ayisyen yo egzije konpayi yo reyalize yon Evalyasyon sou Enpak Anviwònmantal yo anvan menm yo kòmanse konstriksyon enfrastrikti minyè yo. Lwa sou kesyon dwa moun ki aplikab an Ayiti egzije Leta pou li egzije konpayi yo reyalize evalyasyon an nan yon apwòch patisipatif ak konsiltasyon kominotè, menm jan li egzije tou pou rann piblik rapò evalyasyon sou enpak aktivite yo genyen sou anviwònman an, sante, ak dwa moun ki nan kominote a. Bon pratik yo egzije konpayi yo fè Evalyasyon sou Enpak Anviwònmantal ak Sosyal yo (ESIA) pi bonè posib nan kòmansman pwojè a.
Pa genyen okenn konpayi minyè an Ayiti ki te fè okenn rapò ESIA disponib pou piblik la.
Etid yon Ka: Pak Endistriyèl Karakòl
Genyen plis pase 4000 moun nan Nòdès Ayiti ki te deplase jodi pou demen pou te konstwi Pak Endistriyèl Karakòl la (PEK). Pak sa a, ki te konstwi nan janvye 2011, te konsidere kòm yon èd yo te ap bay Ayiti aprè tranblemanntè epi ki te resevwa sipò finansye Bank Entè-Ameriken pou Devlopman (BID) ak Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID). Evalyasyon pou konnen si pwojè sa t ap kapab fèt pa t di si se sou tè ki pi donab nan zòn nan yo ta pral mete pak la epi se yon tè kote plizyè santèn peyizan ak fanmi yo te konte sou li pou jwenn mwayen sibzistans yo. Te genyen yon ESIA ki te reyalize aprè deplasman plizyè milye moun. Konstriksyon PEK la te lakòz ensekirite alimantè ak finansye, ki rann anpil fanmi pa kapab satisfè bezwen yo genyen epi agrave nivo sekirite alimantè elve ki genyen an Ayiti. Pak Endistriyèl Karakòl la sèvi kòm yon avètisman sou danje ki egziste lè pa genyen bon jan Evalyasyon ki fèt sou Enpak Anviwònmantal ak Sosyal yo (ESIA).
Rankont Kominote nan Kadouch, Katye Moren, Ayiti. Foto: Ellie Happel, 2013.
Kapasite pou fè lalwa aplike
Aprè plizyè ane entèvansyon etranje, yon “repiblik ONG” vin kreye olye pou genyen enstitisyon ayisyen ki fò. Ayiti manke kapasite enstitisyonèl ak resous pou règlemantè kesyon min nan. Mank resous aksesib pou gouvènman ansanm ak yon gwo feblès nan fonksyònman enstitisyon demokratik yo gentan kreye plizyè lane enpas total—gouvènman pa fonksyone menm. Anplis, enpas gouvènmantal sa mal afekte pwojè devlopman privè ak piblik.
Biwo Min ak Enèji (BME) te deklare biwo Ii a pa genyen espètiz ni resous pou reyalize bon jan siveyans sou aktivite konpayi yo.
Biwo Nasyonal Evalyasyon Anviwònmantal (BNEE), ki se òganis ki nan Ministè Anviwònman ki ta ki responsab ESIA yo, te deklare li manke resous pou li reyalize odyans piblik oswa pou li vwayaje yon fason endepandan pou li ale kote esplwatasyon minye yo ap fèt.
Sistèm jidisyè san fòs epi politize Ayiti a pa rive pwoteje dwa pèp ayisyen. Genyen dezoutwa tribinal andeyò gwo vil yo epi tribinal ki egziste nan zòn riral yo men yo manke resous sa ki lakòz anpil ladan yo fèmen.
Koripsyon jeneralize a agrave plis toujou defi ki genyen pou fè lalwa aplike.
“Nou pa genyen yon leta ki kapab defann nou oswa mete kontwole travay konpayi yo.”
- Sabine Lamour, Sosyològ epi kòdonatè òganizasyon feminis, Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA)