Ris pou anviwònman an
Moun pa kapab jwi dwa yo san yon anviwònman ki sen. Ayisyen gen dwa pou yo viv nan yon anviwònman ki pwòp, ki an sekirite, epi ki sen pou tèt yo epi pou jenerasyon k ap vini yo. Konstitisyon ayisyen 1987 la rekonèt "anviwònman nou se zòn natirèl kote popilasyon an ap viv" – epi li entèdi, pwenn fè pa, tout aktivite ki ap detwi ekilib anviwònman peyi a. Eksplwatasyon minyè menase dwa anviwònmantal pèp ayisyen an.
Eksplwatasyon minyè se yon aktivite ki danjere anpil, paske li alafwa koze dega sou plan istorik ak anviwonnmantal sou ayisyen yo epi akoz gwo ris anviwonnmantal li reprezante. Peyi Dayiti chita sou plizyè gwo fay sismik, li ekspoze ak gwo siklon chak ane, se peyi ki pi vilnerab nan amerik la sou plan anviwonmantal akoz eksplwatsayon malouk li te sibi pandan peryod kolonyal la. Tranblemantè, menm ti tranblemantè ki pa gen gwo fòs, konn fè gwo aksidan sou dechè aktivite min. Yo konn detwi barraj ki pwoteje dechè toksik, epi konn touye moun ak detwi ekosistèm yo an total. Dega anviwònmantal aktivite min konn fè souvan koze menase tou dwa pèmenase tou dwa pèp ayisyen an pou li genyen dlo, tè ak sante.
Ou met kontinye li pou aprann pi plis sou kouman aktivite minyè kapab agrave konsekans sevè chanjman klimatik ap deja fè an Ayiti; kouman vilnerabilite Ayiti anfas tranblemanntè entansifye ris pou aktivite minyè kapab fè gwo dega; epi kouman aktivite min metal reprezante ris katastrofik pou anviwònman an.
Dezòd Klimatik
Ayiti se youn nan senk (5) peyi nan mond lan ki plis afekte akòz dezòd klimatik la. Nan dènye ane sa yo, Ayiti te sibi yon seri katastwòf "natirèl”—siklòn, tanpèt, tranblemanntè, inondasyon, ak sechrès. Men vilnerabilite peyi a fas ak enpak klimatik yo pa yon bagay natirèl. Nan istwa peyi a, anviwònman an te sibi anpil eksplwatasyon etranje ak estraksyon. Nan dènye ane sa yo, eksplwatasyon minyè lakòz katastwòf pou anviwònman an patou nan mond lan, menm nan peyi kote genyen lwa ki fò ki règlemante kesyon min tankou Brezil ak Kanada. Si ta genyen yon aksidan ki gen rapò ak eksplwatasyon minyè an Ayiti, sa t ap yon gwo kou ki t ap fè l difisil pou Ayiti ta rekanpe ankò.
Tranblemanntè
Akòz Ayiti chita sou yon fay sismik, peyi a konnen gwo kantite tranblemanntè, pami yo sa ki te koze lanmò plis pase 200.000 moun ak plis dega materyèl nan istwa modèn nan. Nan lòt kote nan mond lan, menm tranblemanntè ki pi piti konn pwovoke efrondreman dig (baraj) ki la pou estoke dechè toksik ki soti nan eksplwatasyon minyè, sa ki konn devaste anviwònman an ak kominote ki rete tou prè yo. Eksplwatasyon minyè se li ki pi souvan pwodui tranblemanntè kote se moun ki pwovoke yo. Si ta genyen yon tranblemanntè kote ki genyen yon konpayi minyè k ap opere, konsekans yo t ap katastwofik.
Ris eksplwatasyon min metal genyen pou anviwònman an
Eksplwatasyon min metal yo reprezante ris san parèy ki katastwofik pou anviwònman an. Tout faz eksplwatasyon an, soti nan eksplorasyon rive nan trètman minewo, ekspoze tè ak dlo Ayiti yo a yon nivo ris kote dega yo p ap ka repare. Eksplwatasyon minyè egzije pou yo ta kraze montay ak mòn ki genyen nan peyi a, pou yo fouye sòl la anpil, sa ki kapab libere sibstans toksik ki genyen nan fon sòl la, epi pou yo flite siyani pou rive ekstrè lò a nan wòch la. Genyen gwo ris pou dig, ki la yo pou estoke siyani ak lòt dechè minyè, efondre. Efondreman baraj sa yo nan lòt peyi te devaste rivyè ak tè, detri kominote ki tou prè yo, ak plis pase de (2) mil moun ki mouri depi lane 1950.
Katastwòf nan yon baraj dechè nan peyi Brezil: Baraj la efondre, sa ki touye 270 moun epi lage metal ak pwazon nan rivyè nan zòn nan. Brezil, 2019. IBAMA Brasil, CC BY-SA 2.0, atravè Wikimedia Commons.
Nou menm òganizasyon ti peyizan, travayè ak sitwayen nan Nò, espesyalman nan Mòn pele , ki siyen lèt sa ap leve vwa nou pou-n denonse pwojè eksplwatasyon min nan depatman Nò a espesyalman nan Mòn Pele, Komin katye Moren