Lèt Tou Louvri Kominote Mòn Pele (Morne Pele) (2018)

Nou menm òganizasyon ti peyizan, travayè ak sitwayen nan Nò, espesyalman nan Mòn Pele, ki siyen lèt sa ap leve vwa nou pou n denonse pwojè eksplwatasyon min nan depatman Nò a espesyalman nan Mòn Pele, Komin Katye Moren.

Jan manman lwa peyi a nan atik 247 la moutre l la, travay latè se prensipal richès peyi a, se sa ki pèmèt tout moun viv byen ak pèmèt peyi a mache nan wout pwogrè. Nou menm abitan ki rete bò Mòn Pele (Mòn Bosa) lavi nou chita sou travay latè, elvaj, gildiv, alòske depi 2012, Leta ayisyen bay VCS, yon konpayi ameriken, yon pèmi pou fè eksplwatasyon min ki gen nan mòn nan, san yo pa enfòme nou menm abitan kap viv nan kominote a jan atik 40 Konstitisyon 29 Mas 1987 la di l la.

Nan mwa jiyè 2017 la, nou wè yon lòt konpayi ki rele 3D ki debake epi tanmen fè yon seri preparasyon. Se nan fouye zo nan kalalou nou aprann 3D se yon konpayi ki soti nan peyi Ostrali epi gentan achte 70% nan pèmi VCS la. Sa moutre kouman lajan ap brase sou tèt kominote a sou mache entènasyonal alòske okenn moun pa gen okenn enfòmasyon.

Lè nou konsidere eksplwatasyon min se yon aktivite ki bezwen anpil tè ak dlo, sa vle di se tè ki gen jaden, kay, lekòl, legliz ak peristil, yo pral retire pou bay konpayi a. Sa vle di se tè yo pral pran nan men nou menm ti peyizan ak travayè yo pou bay konpayi tout plim tout plimay pou vin fè eksplwatasyon pou al anrichi tèt yo, epi kite moun kominote a nan lamizè ak dezolasyon.

Lè n konsidere eksperyans ki fèt moutre eksplwatasyon min se yon malè pandye, yon pwazon sou sante, dlo, tè ak tout rès anviwònman.

Lè n konsidere kouman sistèm Sante peyi a sou branka, ki pa menm ka reponn ak kolera ke pwop enperyalis yo pote bay nou a pati yon okipasyon militè MINUSTA aloske nou konnen esplwatasyon min toujou mache ak militarizasyon tou. Majorite moun nan kominote a se nan anviwonman an nou jwenn fèy pou trete divès kalte maladi.

Lè n konsidere tout enpòtans mòn yo prevwa fè eksplwatasyon an genyen nan pwoteje zòn lan kont siklòn, gwo van ak lòt menas. Nou ka wè kouman pwojè sa vyole atik 253 konstitisyon 1987 la ki di : Anviwònman se kad pou lavi boujonnen. Sa vle di pèsonn pa ka poze aksyon ki ka dezekilibre kad ekolojik la.

Lè n konsidere konpayi ki vini yo se konpayi k ap chache pi bon avantaj pou tèt yo, nan esplwate ouvriye, yo toujou fè anpil pwomès yo pa janm rèspèkte yo, paske se menm sistem kapitalis an kriz la k ap fonksyone toupatou, yo pa janm bay enfòmasyon sou konsekans eksplwatasyon min toujou gen sou lavi travayè, ti peyizan, ak ouvriye yo ak rès popilasyon an, kote yo ap fè aktivite sa deja. Lè n konsidere anpil peyi yo fè eksplwatasyon min, yo vin pi pòv. Eksperyans SEDREN nan Meme yon lokalite nan Gonayiv ak REYNOLDS nan lokalite Payan Miragwàn. Men tout lòt peyi kit an Afrik tankou Repiblik Demokratik Kongo, ak anpil lòt peyi ka temwaye nivo lagraba moun yo tonbe aprè eksplwatasyon min.

Lè n konsidere anviwònman peyi a pi vilnerab nan tout Amerik Latin nan, ki ekspoze ak tranblemanntè, siklòn, sounami, rechòfman klimatik, inondasyon chak lane, elatriye

N ap leve vwa nou pou n di: « Nou pa dakò ak pwojè eksplwatasyon min nan Mòn Pele a »

N ap leve vwa nou pou n di wi ak refòm agrè, wout agrikòl, lopital, lekòl, rebwazman, dlo potab

Eksplwatasyon Min se Pwazon pou anviwònman
Eksplwatasyon Min se Pwazon pou Agrilti, Tè ak Lamanjay
Eksplwasyon min se yon Pwazon pou Dlo
Wi ak Lavi, NON ak Eksplwatasyon min

Pou n genyen batay sa, n’ap mande solidarite nasyonal kou entènasyonal, ak moun ki kwè lavi dwe gen enpòtans pase fè lajan sèlman.

Òganizasyon ak sitwayen ki siyen lèt la:

Rasanbleman agrikiltè Morinwa (RAMO): Thélus SONY
Mouvman Peyizan Kayimit (MPK): Toussaint Charnel
Federasyon Mouvman Demokratik Katye Moren (FEMODEK): Dassas Gaston
Legliz Katolik: Jacques Mari Charles
Legliz Batis: Lemercier Xavier
Legliz Advantis: Fracois Wilssaint
Asosyasyon Kilti Lakay: Thélus Sonise
Sant Santé Kadouch
Lekól Nasyonal Kadouch: Valmir Saphira
Entèsendikal Premye Me Batay Ouvirye (ESPM-BO): Phanès Elusma
Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal (KAZEK): Rose Mari Xavier
Asanble Seksyon Kominal (ASEK): Jacquelin Valcourt
Asosiyasyon Voudou: Davilma Baudin

Previous
Previous

Akò Escazú

Next
Next

Analiz Klinik Jistis Mondyal sou Pwojè Lwa Min yo (2017)