Anba Sifas La: Enpak Eksplwatasyon Min
NMAP kreye seri Anba Sifas yo pou enfòme kominote riral ki kanpe anfans sektè minyè a sou dwa yo, epi ba yo bourad ak estrateji jiridik pou pwoteje tèt yo.
Nan okazyon rankont anyèl Newmont kominote Nòdwès yo di NON (2020)
Nòdwès ankouraje kominote ki anba menas pou eksplwatasyon minyè metalik, espeyalman peyizan yo, rete vijilan devan Leta ak konpayi eksplwatasyon minyè yo, epi asire yo pa pran avantaj sou pandemi KOVID-19 la ansanm ak kriz ekonomik ki vini aprè l la, pou kontinye ak pwojè yo epi pran tè nou an.
KJM Nòt Laprès sou Pwojè Lwa (2019)
Se ak anpil endiyasyon, yon santiman revòlt Kolektif Jistis Min (KJM), nan yon nòt konpayi minyè RGC nouvo non konpayi VCS fe soti nan dat 15 fevriye 2019 sou sit yo « vcsmining.com » pou anonse Pwoje Lwa Minye medsin chwal mawon Bank Mondyal, Konpayi Miltinasyonal yo ak Gouvenman kale tèt la ta anplas epi ap tann lòt sesyon Sena pral genyen pou vote l.
KJM Nòt Laprès Denonsasyon Deklarasyon Politik Jeneral Jean Henry Céant (2018)
Se ak yon santiman revòlt ak endiyasyon Kolektif Jistis Min (KJM) ap tande Jean Henry CEANT ki di Pwojè-Lwa Minyè a jwenn konsansis tout sektè nan peyi a nan okazyon prezantasyon politik jeneral li devan Palman an pou jwenn ratifikasyon gouvènman l lan. Kolektif la ap denonse ak tout fòs li gwosè deklarasyon chaje ak mansonj premye minis la fè devan Chanm Depite ak Sena a sou Pwojè Law-minye medsin chwal Bank Mondyal ak Gouvènman ayisyen an vle foure nan gòj pèp ayisyen an lè li di tout moun deja dakò Pwojè-Lwa minye a.
Nòt KJM pou Jounen Mondyal Dlo (mas 2018)
Kolektif Òganizasyon Ayisyèn k ap Goumen Kont Eksplwatasyon Min yo nan peyi Dayiti pwofite dat 22 mas a ki se jounen Entènasyonal dlo pou denonse gwo malè pandye ki blayi sou tèt peyi a fas ak pwojè eksplwatasyon min Leta Ayisyen genyen an.
Lèt Tou Louvri Kominote Mòn Pele (Morne Pele) (2018)
Nou menm òganizasyon ti peyizan, travayè ak sitwayen nan Nò, espesyalman nan Mòn pele , ki siyen lèt sa ap leve vwa nou pou-n denonse pwojè eksplwatasyon min nan depatman Nò a espesyalman nan Mòn Pele, Komin katye Moren
Nòt Laprès KJM Jou Kont Min Syèl Ouvri
Kolektif Òganizasyon Ayisyèn k ap Goumen Kont Eksplwatasyon Min metal yo nan peyi Dayiti pwofite dat 22 jiyè a ki se jounen Entènasyonal batay kont eksplwatasyon min syèl ouvri pou salye batay tout lòt pèp nan Amerik latin, nan Karayib ak nan Lafrik ap mennen kont gwo dega eksplwatasyon min syèl ouvri konn fè sou tout lavi sou latè.
KJM: Nòt denonsyasyon ak mizangad kont Chanm Komès Ayisyano Kanadyen (2017)
Depi kèk tan Kolektif Jistis Min (KJM) ak plizyè lòt òganizasyon ap resevwa envitasyon soti nan Chanm Komès ak Endistri Ayisyano-Kanadyen swa dizan pou diskite avan pwojè lwa Min Bank Mondyal ap foure nan gòjèt Leta peyi d Ayiti. Ansanm òganizasyon ki siyen nòt sa vle bay pozisyon yo epi eksprime dezakò yo ak inisyativ Chanm Komès ak Endistri Ayisyano-Kanadyen pran pou li mennen swadizan konsiltasyon sou pwojè lwa a san li pa gen ni kalite, ni lejitimite pou l fè konvokasyon sa yo.
Rezime Odyans Tematik (mas 2015)
The Kolektif Jistis Min, the Observatoire Mega-Projet, the Global Justice Clinic of New York University School of Law, and a journalist (“the requesting parties”) have requested a general interest hearing to direct the attention of the Inter-American Commission on Human Rights (“IACHR”, “InterAmerican Commission”) to the situation of the right of access to information in Haiti.
Mémoire: La situation de l’accès à l’information en Haïti (March 2015)
Le Kolektif Jistis Min, l'Observatoire Mega-Projet, la Global Justice Clinic de la New York University et un journaliste haïtien [« les soussignés »] ont sollicité une audience à caractère général afin d'attirer l'attention de la Commission interaméricaine des droits de l'homme [« CIDH », « Commission interaméricaine »] sur la situation du droit d'accès à l'information en Haïti.