Sante

Dwa pou gen aksè ak lasante

Dwa a lasante se youn nan dwa fondamantal moun genyen ki kouvri anba Atik 12 Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl, Atik 10 Pwotokòl ki Ajoute sou Konvansyon Amerikèn sou Dwa Moun nan Domèn Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl (Pwotokòl San Salvador). Tout Ayisyen gen dwa pou viv nan pi bon kondisyon sante fizik ak mantal posib san okenn diskriminasyon. Dwa a lasante genyen ladan, dwa pou jwenn dlo ak asenisman, dwa pou jwenn manje, kay pou abite ak yon anviwònman ki sen.

Eksplwatasyon minyè gen efè negatif sou eleman ki fondamantal pou sante moun, tankou kontaminasyon dlo ak lè a epi diminisyon sous dlo yo. Sistèm sante ayisyen an manke anpil resous epi anpil ayisyen gen yon aksè limite oswa pa genyen aksè ditou pou jwenn swen sante. Sa reprezante yon gwo ris paske eksplwatasyon minyè a pral gen enpak negatif sou sante ayisyen yo. Chak etap nan pwosesis eksplwatasyon an reprezante gwo ris pou sante moun. Menm avan eksplwatasyon yo kòmanse, fouy pou fè eksplorasyon yo kapab libere pwodui chimik toksik. Eksplwatasyon minyè egzije itilizasyon gwo kantite pwodui chimik, ki yo menm pwodui gwo kantite dechè solid. Sa kreye yon ris pou kontamine dlo yo epi koze glisman tèren ak ewozyon nan sòl la. Dega sa yo reprezante gwo menas pou sante ak sekirite ayisyen yo, espesyalman lè nou konsidere kantite tranblemanntè ki pase nan peyi a. Tranblemanntè kapab kraze dig ki itilize pou konsève dechè toksik ki pwodui nan kad eksplwatasyon min yo. Kontaminasyon dlo kapab anpwazonnen epi detwi agrikilti a, menase apwovizyonnman manje ak prensipal mwayen sibzistans kominote plantè ki nan zòn riral an Ayiti. Sou lòt bò zile Ispanyola, nan Repiblik Dominiken, manm kominote k ap viv tou prè min Pueblo Viejo yo fè konnen y ap soufri akòz enfeksyon po, tèt vire ak pwoblèm respiratwa akòz baraj pou min la, ki genyen dechè toksik ki pwodui apati eksplwatasyon min nan.

De (2) imaj sa yo montre dlo ki kontamine ak asid akòz drenaj asid nan min peyi Pewou. Foto: Milton Sanchéz Cubas, 2014.

Menas grav eksplwatasyon minyè reprezante sou sante moun patikilyèman lakòz gwo preyokipasyon lè nou konsidere nan move sitiyasyon dwa pou gen aksè ak lasante ye an Ayiti. Anpil Ayisyen pa genyen mwayen pou peye swen sante. Genyen yon rapò Bank Mondyal ki te soti nan lane 2017 ki fè konnen gen 49% fanmi ki pa kontakte yon doktè se paske yo pa gen lajan pou sa. Pri swen sante yo ogmante, se yon gwo prewokipasyon pou yon peyi kote majorite popilasyon an ap viv ak mwens pase 2 dola ameriken pa jou. Depans pou sante yo ogmante, enflasyon an fè pri medikaman yo vin 35% pi chè. Malad yo souvan dwe gwo lajan aprè yo fin resevwa yon trètman. Lè nou konsidere nan ki eta enfrastrikti lasante yo pa bon an Ayiti, anpil moun ki gen lajan pou pran swen al fè sa nan lòt peyi.

Enfrastrikti sante yo pa sifi pou satisfè bezwen ayisyen yo. Depans piblik pou sante pou chak moun nan peyi a se $13 ameriken, ki pi ba pase $15 ameriken ki se depans mwayen pou peyi ki gen revni ki ba yo epi ki ba anpil lè nou konsidere depans mwayan peyi vwazen yo. Repiblik Dominikèn ki se vwazen depanse li menm $180 pou chak moun pou sistèm sante li a. Pa genyen ase resous pou bay premye swen, kote se sèlman 0.3 sant sante pou 10 000 moun ki genyen. Enstabilite politik la agrave tou pwoblèm aksè pou jwenn swen sante a - li redui envestisman nan enfrastrikti sante yo epi fè li pi difisil pou moun vwayaje pou jwenn swen sante. Sant sante ak pèsonèl yo konn sible nan vyolans k ap fèt yo, sa ki konn lakòz kèk klinik fèmen pòt yo. Tranblemanntè ki te gen mayitid 7.2 ki te pase nan mwa dawout 2021 an te andomaje tou enfrastrikti sante yo.

Akòz mank resous nan sistèm sante ayisyen an, sa rann li difisil pou peyi a reponn ak plizyè ijans an menm tan. Aprè tranblemanntè mwa dawout 2021 an, jefò vaksinasyon piblik kont COVID-19 ki te apèn kòmanse, akòz inegalite ki genyen nan vaksinasyon nan mond lan, te oblije kanpe pou yo pote repons ak gwo dega ak blese ki te genyen nan katastwòf la. Pandemi COVID-19 la vin mete gwo presyon tou sou sistèm sante a, sa ki afebli kapasite sistèm sante a pou trete viktim tranblemanntè yo. Rive mwa septanm 2021, 34% moun ki nan zòn ki afekte nan tranblemanntè a pa te gen aksè pou jwenn premye swen akòz enpak pandemi an genyen sou sistèm sante a. Lè nou konsidere gwo ris katastwòf klimatik ki deja egziste tankou tranblemanntè ak siklòn an Ayiti, yon aktivite ki riske tankou eksplwatasyon minyè ki ogmante posiblite pou katastwòf sa yo rive, pral fè presyon ki ka fè sistèm sante ayisyen an vin pi mal. Eksplwatasyon minyè pral agrave pwoblèm sanitè ki genyen deja an Ayiti, kote li pral mete plis chay sou do yon enfrastrikti sante yo ki an difikilte epi menase dwa sante Ayisyen yo.

“Eske eksplwatasyon minyè gen yon sans? Kisa ki pral pase lè pwodui yo itilize yo kontamine nan dlo ak rivyè yo? Eske sa vle di moun yo p ap kapab genyen tibebe ki an sante? Eske yo p ap kapab bwè dlo yo?”

– Sabine Lamour, Sosyològ ak kowòdonatè òganizasyon feminis, Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA)